Pandan lemonn antye ap prezante tèm pou kokennchenn tranblemanntè a ann Ayiti, n ap chèche fason nou kapab fè yon diferans. Lè n ap jere yon trajedi ki afekte 3 milyon moun ak efondreman yon peyi annantye, genyen yon sèl chwa: nou dwe kanpe ansanm.
Deviz nasyonal ayisyen an, "Men Anpil Chay Pa Lou”, vle di “Unity Makes Strength". An nou devlope inite sa a avèk pasyon komen nou pou bèl jwèt ak kapasite li pou reyini moun yo nan moman gwo kontantman – ak gwo bezwen.
Haiti United devlope sou modèl ki montre konpasyon ak jenewozite kominote foutbòl ameriken an, ki te fè efò tankou: Soccer United pou viktim atak 11 septanm yo ak Soccer United Relief Fund pou fanmi ak kominote ki afekte nan Siklòn Katrina. Òganizasyon repons-dijans nou kounye a se Lakwa-Wouj Ameriken.
Montre inite nou avèk pèp ayisyen an lè nou achte Ti chòt Haiti United. Chak dola ou depanse nan pwodui sa a prale nan don pou sekou Ayisyen nan katastwòf la.
Kijan pou ede
100% RESÈT NAN LAVANT ATIK SA A PRALE NAN DON NAN LAKWA-WOUJ POU EFÒ SEKOU AYISYEN.
$ ki ranmase jiska prezan!
Lòt fason pou fè don
Lakwa-Wouj
Voye yon tèks "HAITI" nan "90999" epi yon don $10 prale otomatikman nan Lakwa-Wouj pou ede avèk efò sekou yo, ajoute nan bòdwo telefòn selilè ou.
